Haitian Scientific Society Seminar Series

Saturday July 1, 2023

12:45-2:30

Zoom-Link: https://umassboston.zoom.us/j/94777986513 

 

 

Ki solisyon pou pwoblèm inondasyon an Ayiti? Sa nou aprann apre senkant an

 

Frantz Verella

Université Quisqueya

Rezime: 

 

Pou anpil òganizasyon entènasyonal tankou (BID Bank Mondyal, UE, USAID), epi pou gouvènman ak majistra an Ayiti, gen 4 fason pou takle pwoblèm inondasyon an:

  1. Fòk nou konstwi nouvo kanal drenay oswa reyabilite sa ki la yo pou konble gap ant òf ak demann sèvis pwoteksyon kont inondasyon.
  2. Nou fèt pou nou kenbe antretyen kanal yo pou fatra pa bouche yo.
  3. Fòk systèm transpò yo fonksyonnen byen, fòk yo pa koute twò chè, epi fòk yo matche fason nou planifye itilizasyon tè yo tou.
  4. Fòk nou desantralize kontwòl systèm drenay la, chak majistra ta dwe reskonsab zòn pa li.

 

 

Nan prezantasyon sa a, nou pral montre pou ki sa rekòmandasyon sa yo pa ase. Pou nou rive fè sa, n ap pati ak 2 refleksyon, youn Simon Fass (University of Texas Dallas: Awakening to the urban crisis) te fè an 1973 ak yon lòt Michel S. Laguerre (UC Berkeley: Migration and Urbanization in Haiti) te fè an 1984. Lè w analize teknik ki pèmèt ou kalkile  kantite dlo ki ap desann, w ap jwenn moso solisyon pwoblèm nan sèlman.  Bon done estatistik ap ka fasilite previzyon, men sa p ap ase paske pwoblèm inondasyon makònen ak anpil lòt pwoblèm,  sa mande pou eseye rezoud pwoblèm fondamantal la, ki, anfèt, se refondasyon nasyon  ayisyèn lan.